mercredi 21 mars 2018

FLASH,FLASH:Prezidan perivyen an remèt demisyon l jodi mèkredi a (21) , yon jou avan vòt nan palman an sou destitisyon li akoz relasyon li ta genyen ak gwoup BTP Odebrecht, ki mele nan yon eskandal kòripsyon.




Enfo : Entènasyonal
Pewou : mele nan yon dosye kòripsyon, prezidan Pedro Pablo Kuczynski demisyone
Prezidan perivyen an remèt demisyon l jodi mèkredi a (21) , yon jou avan vòt nan palman an sou destitisyon li akoz relasyon li ta genyen ak gwoup BTP Odebrecht, ki mele nan yon eskandal kòripsyon.
《 Devan sitiyasyon difisil sa ki fè m parèt koupab san rezon, mwen panse sa k ap pi bon pou peyi a se remèt demisyon m nan tèt Repiblik la 》 , deklarasyon Pedro Pablo Kuczynski nan yon mesaj ki retransmèt sou televizyon Leta a.
Premye vis prezidan an, Martín Vizcarra, ap jwe wòl prezidan an annatandan pwosesis pou ranplase Pedro Pablo Kuczynski.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire