dimanche 18 mars 2018

INFOPLUS:Bravo,Sénateur Yourie Latortue an kanpay Ayè samdi, senatè a tale Okay pou'l fè distribisyon ze ki fèt nan pwòp poulayel. Li separe anpil ze bay ti machann pou al revann etc.. Se byen men fòk nou konprann jès sa se ouvèti ofisyèl kanpay senatè a pou prezidan 2022.

L’image contient peut-être : une personne ou plus et nourriture









L’image contient peut-être : une personne ou plus, personnes qui marchent et plein air















Fòk nou tou konprann Bagay rapò petrocaribe a se yon bagay politik, se eleksyon 2022 k'ap prepare.
Se yon batay ki vize yon grenn moun "Laurent Lamothe"
Y'ap fè tout mwayen pou elimine lamòt, barel, retirel metel deyò paske san okenn dout Lamòt pral reprezante yon advèsè koryas oudimwens inbatab pou 2022.
Si nou pa gen memwa kout se menm bagay ki te pase an 2015 ak komisyon verifikasyon chanpwèl la ki te gen pou objèktif retire Jovenel nan eleksyon an. E si nou swiv byen se menm gwoup moun sa yo ki dèyè rapò sa.







Donk pa gen okenn zafè koripsyon kap regle vre, se blòf ak makiyaj politik. Nou klè sou sa.
Si se pat sa, poukisa malgre tout skandal nan laprès ak bon jan prèv tanjib, non Pierre Ésperance pa nan rapò a? 🤔🤔
Anplis pa gen moun ki egzije pou nonl nan rapò a, nonplis pou ta mande mare'l.
Anplis Poukisa 3 minis finans Preval yo pa nan rapò a?🤔🤔 Poukisa malgre tout gagòt, direktè BMPad sou privè a pa ladan'l? 🤔🤔
Enben repons lan senp. se paske moun sa yo pa reprezante yon obstak pou bloke rèv tinèg isit ki gen foli prezidan.
An konklizyon, m pral site non 4 moun la ki fin awoyo nan rapò petro Caribe a, ki se kandida:
1) Youri Latortue pou AAA 2) Beauplan Evalière pou lavalas 3) Zokiki 4) Don K-to
Swiv pou nou wè si tout moun sa yo p'ap kandida pou 2022. M fini sam di a.


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire